Aller au contenu

Philippe Labro

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Philippe Labro
Image illustrative de l’article Philippe Labro

Non matènèl Philippe Labro
Nesans (89 ane)
Montauban
Nasyonalite franse
Aktivite Jounalis, ekriven, reyalizatè
Rekonpans Doktè honoris causa de l'université Washington et Lee (1988) -

Pri "Interallié" - "Commandeur de la Légion d'honneur"‎

Fonksyon prensipal Redaktè an chèf

Philippe Labro, ki fèt 27 out 1936 nan Montauban (Frans) epi li te mouri nan dat 4 jen 2025, se yon jounalis, ekriven, reyalizatè, pwofesyonèl medya ak pawolye franse.

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Apre yon anfans ki te yon ti jan boulvèse, Philippe Labro te kite pou Etazini nan Amerik a laj de 18 an, avèk konsantman paran li, pou l etidye nan Vijini.

Retounen an Ewòp, Philippe Labro te travay kòm repòtè nan plizyè vil franse. An 1960, li te anwole nan lame franse a pou kanpay Aljeri a epi, dezan apre, li te rekòmanse travay li kòm jounalis ak repòtè, li te travay pou RTL, Paris Match, answit TF1 ak Antenne 2.

Apre eksperyans sa yo, Philippe Labro te kòmanse altène karyè li ak ekri kèk woman nan divès jan, pibliye an Frans pa mezon edisyon Gallimard ki renome a.

An 1969, Philippe Labro te fè premye fim li kòm reyalizatè ak fim "Tutto può succedere", li te kontinye travay sou fim ki pi gwo, sitou nan jan krim ak mistè.

Philippe Labro pi byen koni pou reyalize fim siksè ki toujou vivan nan memwa sinefil franse yo, tankou Sans motif (1971) ak Jean-Louis Trintignant, L'Héritière (1972), ak Le Faucon (1976) ak Jean-Paul Belmondo.

Konsidere kòm youn nan jounalis ki pi pwòch Vincent Bolloré, Philippe Labro te travay kòm yon kronikè ak kritik literè pou chak semèn Le Journal du dimanche epi detanzantan li te kolabore ak Paris Match.

Zèv li yo

[modifye | modifye kòd]

Tankou reyalizatè

[modifye | modifye kòd]

Tankou ekriven

[modifye | modifye kòd]

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. Manuella, yon adolesant nan laj 17/18 ane rakonte lavi li : etid, zanmi, lanmou. Li se yon woman aprantisaj

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]